Sòm Yo 30
30
Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David
1Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou #Sòm 3:3te leve mwen.
Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
2O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,
e Ou te #És 53:5geri mwen.
3O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
4Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.
Bay remèsiman a #Os 12:5 sen non Li.
5Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire #II Kwo 4:17 pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
6Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen,
“Mwen #Sòm 10:6p ap janm ebranle.”
7O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm.
Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
8A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele.
A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
9“Ki benefis ki genyen nan san mwen
si mwen #Sòm 28:1desann nan gwo fòs la?
Èske pousyè a kab louwe Ou?
Èske li va deklare fidelite Ou?
10Tande, O SENYÈ e fè m gras.
O SENYÈ, #Sòm 27:9ban m soutyen.”
11Ou te chanje doulè mwen, e
sa te fè m vin danse ak lajwa;
Ou te #És 20:2demare rad twal sak mwen an,
e te mare senti m avèk kè kontan.
12Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va
bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 30: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith