Sòm Yo 28
28
Yon sòm David
1A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!
Wòch mwen an, pa vin soud devan m,
paske si Ou #Sòm 83:1rete silan devan mwen,
mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.
2Tande #Sòm 140:6vwa a siplikasyon mwen yo
lè m kriye a Ou menm pou sekou,
lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.
3 #
Sòm 26:9
Pa rale m sòti avèk mechan yo,
avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,
pandan mechanste nan kè yo.
4Rekonpanse yo #Rev 18:6selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo.
Rekonpanse yo selon zèv men yo.
Remèt yo tout rekonpans pa yo.
5Akoz yo #És 5:12pa okipe zèv a SENYÈ yo,
ni travay men Li yo.
Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.
6Beni se SENYÈ a,
akoz Li #Sòm 28:2te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
7SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m #Sòm 13:5mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8SENYÈ a se #Sòm 20:6fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
9 #
Sòm 80:1
Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.
Devni bèje yo tou,
e bay yo soutyen jis pou tout tan.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 28: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith