Sòm Yo 25
25
Yon sòm David
1A Ou menm, O SENYÈ, mwen #II Sam 5:10leve nanm mwen.
2O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.
Pa kite mwen vin wont;
pa kite #Sòm 13:4lènmi m yo fè fèt sou mwen.
3Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki #Hab 1:13fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
4 #
Egz 33:13
Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
5Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki #Sòm 79:9Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
6Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la #Sòm 103:17depi tan ale nèt.
7Pa sonje #Job 13:26peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
8Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;
pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
9Li #Sòm 23:3dirije enb yo nan jistis, e
Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
10Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou #Sòm 103:18sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
11Pou koz a non Ou, O SENYÈ,
#
Egz 34:9
padone inikite mwen, paske li anpil.
12Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va #Sòm 25:8 enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
13Nanm li va viv alèz.
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
14 #
Pwov 3:32
Lamitye SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo.
Li va fè yo konnen akò Li.
15Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va #Sòm 124:7 retire pye mwen nan pèlen an.
16 #
Sòm 69:16
Vire vè mwen e fè m gras,
paske mwen abandone e aflije.
17Twoub a kè m yo vin plis.
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
18Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
e #Sòm 103:3padone tout peche mwen yo.
19Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo #Sòm 9:13rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
20Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m #Sòm 25:2vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21Kite #Sòm 41:12entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
22Delivre Israël, O Bondye, sou
tout twoub li yo.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 25: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith