Sòm Yo 143

143
Yon Sòm David
1Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.
Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.
Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak #Sòm 71:2ladwati Ou!
2Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,
# Job 14:3 paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
3Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen.
Li fin kraze lavi m jis rive atè.
Li #Sòm 88:6te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.
4Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m.
Kè m #Lam 3:11nan gwo twoub anndan m.
5Mwen sonje ansyen jou yo.
Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè.
Mwen panse sou zèv men Ou yo.
6Mwen lonje men m vè Ou menm.
# Sòm 42:2 Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.
7Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli;
# Sòm 27:9 Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.
8Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,
paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.
Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,
paske se a Ou ke mwen #Sòm 86:4 leve nanm mwen.
9 # Sòm 31:15 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo.
Mwen kache nan Ou.
10Enstwi mwen pou fè volonte Ou,
paske se Ou menm ki Bondye mwen.
Lespri Ou bon.
Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
11 # Sòm 25:11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen.
Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.
12Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt.
# Sòm 54:5 Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo,
paske mwen se sèvitè Ou.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 143: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte