Sòm Yo 135

135
1 # Sòm 113:1 Beni SENYÈ a!
Beni non SENYÈ a!
Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,
2nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,
nan #Sòm 92:13lakou lakay SENYÈ nou an!
3Beni SENYÈ a, paske #Sòm 100:5SENYÈ a bon.
Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
4Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,
Israël pou pwòp #Egz 19:5posesyon pa Li.
5Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,
e ke SENYÈ nou an #Sòm 97:9pi wo ke tout dye yo.
6 # Sòm 115:3 Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,
nan syèl la oswa sou tè a,
nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
7Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.
Ki #Jr 10:13fè rive loray avèk lapli yo,
ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
8Li te #Egz 12:12frape premye ne Égypte yo,
ni lòm, ni bèt.
9Li te voye #Egz 7:10sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte,
sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.
10Li te #Sòm 44:2frape anpil nasyon,
e te detwi wa pwisan yo,
11Sihon, wa Amoreyen yo, Og,
wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.
12Epi Li te #Det 29:8bay yo peyi yo kon eritaj,
yon eritaj a Israël, pèp Li a.
13 # Egz 3:15 Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan,
Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.
14Paske SENYÈ a va #Det 32:26jije pèp Li a, e
va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.
15 # Sòm 115:4-8 Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,
zèv a men a lòm.
16Yo gen bouch, men yo pa pale.
Yo gen zye, men yo pa wè.
17Yo gen zòrèy, men yo pa tande,
ni nanpwen souf nan bouch yo.
18Sila ki fè yo va vin tankou yo.
Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.
19O lakay #Sòm 115:9Israël, beni SENYÈ a!
O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!
20O lakay Lévi, beni SENYÈ a!
Nou menm #Sòm 118:4ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
21Ke SENYÈ a beni soti #Sòm 128:5nan Sion,
Sila ki abite Jérusalem nan,
Beni SENYÈ a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 135: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte