Sòm Yo 132

132
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak #Jen 49:24tout soufrans li an,
2jan li te sèmante a SENYÈ a,
e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:
3Anverite, mwen p ap antre #Job 21:28lakay mwen,
ni kouche sou kabann mwen;
4mwen p ap #Pwov 6:4kite zye m dòmi,
ni pòpyè zye m fèmen,
5jiskaske m jwenn yon #I Wa 8:17kote pou SENYÈ a,
yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.
6Men koute, nou te tande koze sa a nan #Jen 35:19Éphrata,
nou te twouve l nan plèn Jaar a.
7Annou antre nan abitasyon Li a.
Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.
8Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a,
Ou menm avèk lach fòs Ou.
9Kite prèt Ou yo #Jen 35:19abiye nan ladwati, e
kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.
10Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont #Sòm 2:2onksyone Ou a.
11SENYÈ a te sèmante a David anverite.
Sou sila Li p ap fè bak:
“Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.
12Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak
temwayaj ke Mwen va enstwi yo,
fis pa yo tou va #Luc 1:32chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
13Paske SENYÈ a te #Sòm 48:1-2 chwazi Sion.
Li te vle l pou abitasyon Li.
14“Sa se #Sòm 132:8plas repo Mwen, jis pou tout tan.
Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.
15Mwen va beni pwovizyon li ak abondans.
Mwen va satisfè malere li yo ak pen.
16Anplis, Mwen va abiye #II Kwo 6:41prèt li yo ak Sali,
e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.
17La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt.
Mwen te prepare yon #I Wa 11:36lanp pou onksyone pa M nan.
18Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont.
Men sou li menm, #Sòm 21:3kouwòn li an va briye.”

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 132: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte