Sòm Yo 130

130
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1Soti nan #Sòm 42:7pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
2SENYÈ, koute vwa mwen!
Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
3Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo,
O SENYÈ, se kilès ki ta kab #Sòm 76:7kanpe?
4Men avèk Ou menm, gen padon,
pou moun ta gen reverans Ou.
5Mwen tann SENYÈ a.
Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,
mwen mete espwa m.
6Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis
pase gadyen k ap tann maten rive a.
Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.
7O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.
Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.
Avèk Li, gen redanmsyon an #Sòm 111:9abondans.
8Li va fè #Sòm 103:3-4redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 130: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte