Sòm Yo 127
127
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
1Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a #Sòm 121:4veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
2Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,
pou #Jen 3:17manje pen a travay di yo,
paske se domi Li bay a moun li renmen.
3Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
#
Det 7:13
Fwi a vant la se yon rekonpans.
4Tankou flèch nan men a yon #Sòm 112:2gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5A la #Sòm 128:2-3beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 127: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith