Sòm Yo 115
115
1Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,
men #Sòm 29:2pou Non Ou glwa bay,
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
2Poukisa nasyon yo ta di:
#
Sòm 42:3-10
“Kote Bondye yo a ye koulye a?”
3Men #Sòm 103:19Bondye nou an nan syèl yo.
Li fè sa Li pito.
4Zidòl yo se ajan ak lò, #Det 4:28 zèv men a lòm.
5Yo gen bouch, men yo #Jr 10:5pa kab pale.
Yo gen zye, men yo pa kab wè.
6Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
7Yo gen men, men yo pa kab manyen.
Yo gen pye, men yo pa kab mache.
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
8 #
Sòm 135:18
Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
9O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!
Se Li menm ki #Sòm 33:20sekou ak boukliye yo.
10O lakay #Sòm 118:3Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
11Nou menm ki #Sòm 22:23gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12SENYÈ a #Sòm 98:3te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
13Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,
#
Rev 11:18
piti kon gran.
14Ke SENYÈ a kab #Det 1:11fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
15Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,
#
Jen 1:1
Kreyatè syèl la ak tè a.
16Syèl yo se #Sòm 89:11Syèl SENYÈ a,
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
17 #
Sòm 6:5
Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
18Men nou va beni SENYÈ a,
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ la!
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 115: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith