Sòm Yo 114
114
1Lè Israël te sòti #Egz 12:51an Égypte,
lakay Jacob soti de yon pèp lang etranje,
2Juda te vin sanktiyè Li a,
Israël, #Egz 19:6wayòm Li.
3Lanmè a te gade e te sove ale.
#
Jos 3:13-16
Jourdain an te vire fè bak.
4Mòn yo te #Egz 19:18sote tankou belye,
kolin yo tankou ti mouton.
5 #
Hab 3:8
Sa k pase ou menm, O lanmè, ke ou te sove ale konsa?
O Jourdain an, ke Ou te vire fè bak konsa?
6O mòn yo, ke ou sote tankou belye konsa?
O kolin yo, tankou ti mouton konsa?
7 #
Sòm 96:9
Pran tranble, O latè, devan SENYÈ a,
Devan Bondye a Jacob la,
8Ki te fè wòch la devni yon ma dlo,
#
Det 8:15
wòch silèks la yon sous k ap koule.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 114: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith