Pwovèb Yo 24
24
1Pa fè anvi a moun mechan,
ni dezire #Sòm 1:1 pou avèk yo;
2paske panse yo fòmante #És 30:12vyolans
e lèv yo pale inikite.
3 #
Pwov 9:1
Avèk sajès, kay la bati
e avèk bon konprann, li vin etabli.
4Pa konesans, chanm yon moun vin
#
Pwov 8:21
ranpli avèk tout bèl kalite richès.
5Yon nonm saj byen fò,
e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
6Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,
e #Pwov 11:14ak konseye an abondans, gen viktwa.
7Sajès #Sòm 10:5twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
8Yon moun ki fè plan pou fè mal,
moun va rele li magouyè.
9Fòmante foli se peche,
e mokè a abominab a tout moun.
10Si ou #Det 20:8lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
11 #
Sòm 82:4
Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,
ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.
O, kenbe yo!
12Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;
èske Li pa #Ekl 5:8konsidere sa, sila ki peze kè?
Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?
Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
13Fis mwen, manje #Sòm 19:10siwo myèl, paske li bon;
wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14Konnen ke #Pwov 2:10sajès se konsa pou nanm ou;
si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
15 #
Sòm 10:9-10
Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,
kont kote ke moun dwat la rete a.
Pa detwi kote repo li a;
16paske yon #Job 5:19nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,
men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
17 #
Job 31:29
Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.
Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
18Oswa, SENYÈ a va wè l,
vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
19 #
Sòm 37:1
Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,
ni fè lanvi pou mechan yo,
20paske pou yon nonm mechan, #Job 15:31pa gen avni.
Lanp a mechan an va etenn nèt.
21Fis mwen an, #Wo 13:1-7gen lakrent SENYÈ a ak wa a;
pa asosye ak sila ki pa stab yo,
22paske, #Pwov 24:16malè yo va leve vit.
Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
23Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:
Fè #Pwov 18:5 patipri nan jijman pa bon.
24Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,
#
Pwov 11:26 pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
25men pou #Pwov 28:23sila ki repwoche mechan yo,
lap wale byen ak yo.
Bon benediksyon va tonbe sou yo.
26Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
27Prepare tout travay ou a deyò;
byen prepare chan ou.
Apre, alò, bati kay ou.
28Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,
e #Lev 6:2-3pa bay manti ak lèv ou.
29 #
Pwov 20:22
Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;
mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
30Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke #Pwov 6:22bon konprann nan.
31Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb,
#
És 5:5 Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 #
Pwov 6:10
“Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
34Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi kon zam.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 24: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith