Pwovèb Yo 18

18
1Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;
bon jijman an pa anyèn devan l.
2Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman #Pwov 12:23nan devwale pwòp panse li.
3Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;
e avèk dezonè, wont vin parèt.
4Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon #Pwov 20:5dlo byen fon;
dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
5Panche vè youn moun mechan an pa bon,
ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
6Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;
bouch li ap mande kou.
7Bouch a #Sòm 64:8moun san konprann nan se dega li;
e lèv li se pèlen pou nanm li.
8Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan
se tankou bonbon ki gen gou dous;
se jis nan fon kò a yo desann.
9Anplis, sila ki parese nan travay li a
se #Pwov 28:24 frè a sila ki detwi.
10 # Egz 3:15 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
11Pou yon nonm #Pwov 10:15rich, byen li se yon vil ki fò;
kon yon miray byen wo nan panse li.
12 # Pwov 11:2 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;
men imilite ale devan onè.
13Sila ki #Pwov 20:25bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
14Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;
men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
15 # Pwov 15:4 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;
anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
16 # Jen 32:20 Don a yon nonm fè kont espas pou li,
e mennen li devan moun enpòtan.
17Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;
jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.
18 # Pwov 16:33 Tiraj osò fè konfli sispann;
lap pran desizyon antre moun pwisan yo.
19Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;
konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.
20Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;
# Pwov 14:14 l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
21 # Pwov 12:13 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
22Sila ki jwenn yon #Jen 2:18madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a.
23 # Pwov 19:7 Malere a pale: “Souple, fè m gras”;
men moun rich la reponn byen di.
24Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen #Pwov 17:17yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb Yo 18: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte