Philémon 1

1
1Paul, yon #Ef 3:1prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, 2ak Apphia, sè ou, a #Kol 4:17Archippe #Fil 2:25sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: 3#Wo 1:7Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.
4 # Wo 1:8 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo 5paske mwen #Ef 1:15tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. 6Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon #Phm 1:9konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. 7Paske nou gen tan twouve anpil #II Kor 7:4,13lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin #I Kor 16:18rafrechi atravè ou menm, frè.
8Konsa #II Kor 3:12malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon, 9malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul #Tit 2:2granmoun lan, e koulye a, osi #Phm 1yon prizonye a Kris Jésus. 10Mwen sipliye ou, pou #I Kor 4:14pitit mwen an, Onésime, ke mwen te vin fè pandan mwen te nan #Kol 4:9prizon an, 11ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen.
12Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se kè m menm ke m voye a. 13Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.
14Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou #II Kor 9:7pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou. 15Paske, li ka petèt separe de ou, #Jen 45:5,8eksprè pou rezon sa a, pou yon ti tan, pou ou ta kapab genyen l vin retounen nèt, 16pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav #Mat 23:8yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.
17Si, konsa, ou gade mwen kòm yon #II Kor 8:23ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen. 18Men si, nan nenpòt jan li te fè ou tò, oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen. 19#I Kor 16:21Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)
20Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. #Phm 1:7Rafrechi kè m nan Kris la. 21#II Kor 2:3Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a.
22An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa #II Kor 1:11lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.
23 # Kol 1:7 Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou 24tankou #Kol 4:10Marc, Aristarque, Démas #Kol 4:14Luc, ouvriye parèy a mwen yo.
25 # Gal 6:18 Ke lagras Senyè a, Jésus Kri, rete avèk lespri ou. Amen.

Chwazi Kounye ya:

Philémon 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte