Nonb 34
34
1Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre #Jen 17:8nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.
3 #
Jos 15:1-3
“Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. 4Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid #Nonb 32:8Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon. 5Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan #Jos 15:4lanmè.
6“‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la.
7 #
Éz 47:15-17
“‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor. 8Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive #Jos 13:5nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad. 9Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.
10“‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham. 11Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan #II Wa 23:33Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a #Det 3:17Lamè Kinnéreth la. 12Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”
13Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “#Det 11:24Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo. 14#Nonb 32:33Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l. 15De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”
16Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17#Jos 14:1-2“Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan. 18Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.
19“Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, #Nonb 13:6-30Caleb, fis a Jephaunné a.
20“Nan tribi fis a #Jen 29:33Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.
21“Nan tribi #Det 33:12Benjamin an, Élidad fis a Kislon an. 22Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.
23“Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.
24“Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.
25“Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.
26“Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.
27“Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.
28“Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”
29Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.
Chwazi Kounye ya:
Nonb 34: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith