Nonb 29

29
1 # Egz 23:16 “‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt. 2Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 3osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a, 4epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo. 5Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou, 6anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, #Nonb 28:3ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
7“‘Epi nan #Lev 16:29-34dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay. 8Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, #Det 15:21ki pa gen okenn defo; 9epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye, 10yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; 11yon mal kabrit pou yon #Lev 16:3-5ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi #Nonb 28:3ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
12“‘Nan #Lev 23:33-35 kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou. 13Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo; 14epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo, 15epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo; 16epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, #Nonb 28:3anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
17“‘Epi nan #Lev 23:36dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 18epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo #Lev 2:1-6selon òdonans lan; 19epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, #Nonb 28:8anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo.
20“‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 21epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 22epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
23“‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 24ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 25epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li.
26“‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan #Eb 7:28san defo’ 27epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan; 28epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a.
29“‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo; 30epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 31epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a.
32“‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 33epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan, 34epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a.
35 # Lev 23:36 “‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo. 36Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo; 37ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 38epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a.
39“‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan #Lev 23:2 lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”
40Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 29: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte