Nonb 2
2
1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2#Nonb 1:52 Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.
3Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo va#I Kwo 2:10 Nachschon, fis a Amminadab la, 4avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo, swasann-katòz-mil-sis-san (74,600).
5Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Issacar. Chèf dirijan an va Nethaneel, fis a Tsuar a, 6avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-kat-mil-kat-san (54,400).
7Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo:#Nonb 1:9 Eliab, fis a Hélon an, 8avèk lame pa li, men mesye ki te konte yo, senkant-sèt-mil-kat-san (57,400).
9Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san (186,400) selon lame pa yo. #Nonb 10:14 Yo va sòti avan.
10Nan kote sid la va gen drapo a kan Ruben an selon lame pa yo. Chèf a fis Ruben yo te: #Nonb 1:5 Élitsur fis a Schedéur a, 11avèk lame pa li. Men mesye ki konte yo, karant-si-mil-senk-san (46,500).
12Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Siméon. Chèf a fis Siméon yo te: #Nonb 1:6 Schelumiel, fis a Tsurischaddaï la, 13avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-nèf-mil-twa-san (59,300).
14Swiv pa tribi Gad la, avèk chèf a fis Gad yo: #Nonb 1:14 Éliasapah, fis a Déuel la, 15avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650).
16Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant (151,450). #Nonb 10:18Se yo k ap sòti nan dezyèm nan.
17 #
Nonb 1:53
Konsa, tant asanble a va sòti avèk kan levit yo nan mitan kan yo. Menm jan ke yo fè kan an, konsa yo va sòti, chak moun nan plas li bò kote drapo pa li. 18Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va #Nonb 1:10Élischama fis a Ammihud la. 19Nan lame pa li, men sa ki konte yo; karann-mil-senk-san (40,500).
20Akote li va gen tribi Manassé a, e chèf a fis Manassé yo te: #Nonb 1:10 Gamaliel, fis a Pedahstsur a, 21avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo, trant-de-mil-de-san (32,200).
22Apre se tribi a Benjamin an, e chèf a tribi Benjamin an te: #Nonb 1:11Abidan, fis a Gideoni a, 23avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san (35,400).
24Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san (108,100) pa lame pa yo. #Nonb 10:22Yo va sòti nan twazyèm nan.
25Nan kote nò va gen drapo pou kan Dan an, selon lame pa yo, e chèf a fis Dan yo te: #Nonb 1:12 Ahiézer, fis a Ammischaddaï a, 26avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; swasann-de-mil-sèt-san (62,700).
27Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Aser, e chèf a fis a Aser yo te: #Nonb 1:13Paguiel, fis a Ocran an, 28avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; karanteyen-mil-senk-san (41,500).
29Apre se te tribi a Nephtali a, e chèf a fis a Nephtali yo te: #Nonb 1:15Ahira, fis a Énan an, 30avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; senkant-twa-mil-kat-san (53,400).
31Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. (157,600) #Nonb 10:25 Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo.
32Sa yo se mesye ki te konte a fis Israël yo selon lakay papa zansèt pa yo; total a mesye a tout kan yo ki te konte pa lame yo te #Egz 38:26 sis-san-twa-mil-senk-san-senkant (603,550) 33Malgre sa, #Nonb 1:47 Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
34Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.
Chwazi Kounye ya:
Nonb 2: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith