Néhémie 11
11
1Alò, #Né 7:4 chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo. 2Pèp la te beni tout mesye ki te #Jij 5:9 pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo.
3 #
I Kwo 9:2-34
Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp teren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo. 4Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo; 5epi Maaséja, fis a Barue, fis a Col-Hozé, fis a Hazaja, fis a Adaja a, fis a Jojarib, fis a Zacharie, fis a Schiloni. 6Total fis a Pérets ki te etabli Jérusalem yo te kat-san-swasann-tuit mesye de gran kouraj.
7Men fis a Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Joëd la, fis a Pedaja, fis a Kolaja a, fis a Maaséja a, fis a Ithiel la, fis a Ésaïe a. 8Epi apre li, Gabbaaï avèk Sallaï, nèf-san-venn-tuit. 9Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la.
10Soti nan prèt yo: Jedaeja, fis a Jojarib la, Jakin, 11Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye, 12epi fanmi yo ki te fè travay tanp lan, ui-san-venn-de; epi Adaja, fis a Jerocham nan, fis a Pelalia a, fis a Amtsi a, fis a Zacharie a, fis a Paschhur la, fis a Malkija a, 13epi fanmi yo, chèf lakay papa zansèt yo, de-san-karann-de; epi Amaschasaï, fis a Azareel la, fis a Achazaï a, fis a Meschillémoth la, fis a Immer a, 14avèk frè pa yo, mesye ki plen kouraj, san-venn-tuit. Zabdiel, fis a Guedolim nan, se te chèf yo.
15Alò, soti nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Bunni an; 16Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize #I Kwo 26:29 travay deyò nan lakou lakay Bondye a; 17epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan. 18Tout Levit yo nèt nan #Né 11:1lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat.
19Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz. 20Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak #Né 11:3sou pwòp eritaj pa yo. 21Men #Né 3:26 sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo.
22 #
Né 11:9-24
Chèf Levit Jérusalem yo te Uzzi, fis a Bani an, fis a Haschabia a, fis a Matthania a, fis a Michée a, pami fis Asaph, ki te chantè pou sèvis lakay Bondye a. 23#Esd 6:8Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo. 24Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te #I Kwo 18:17reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la.
25Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo. 26A Jéschua, a Molada, a Beth-Paleth, 27a Hatsar-Schual, a Beer-Schéba avèk bouk pa li yo, 28ak Tsiklag, a Mecona, avèk bouk pa li yo, 29a En-Rimmon, a Tsorea, a Jarmuth, 30a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an. 31Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo, 32a Anathoth, a Nob, a Hanania, 33a Hatsor, a Rama, a Guithaïm, 34a Hadid, a Tseboïm, a Neballath, 35a Lod avèk Ono, vale a ouvriye yo. 36Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an.
Chwazi Kounye ya:
Néhémie 11: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith