Marc 8
8
1Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, #Mc 6:34-44Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo: 2#Mc 9:36“Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. 3Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”
4Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
5Li te mande yo: “Konbyen moso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.
6Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la. 7Anplis yo te genyen kèk ti pwason. #Mat 14:19Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
8Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo #Mat 15:37panyen plen avèk moso kase ki te rete. 9Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale. 10Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele #Mat 15:39Dalmanutha a.
11 #
Mat 16:1-12; Mat 12:38 Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
12Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: #Mat 12:39Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.” 13Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.
14Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon moso nan kannòt la avèk yo.
15Li te avèti yo pou di: #Mat 16:6“Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
16Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
17Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? #Mc 6:52Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di? 18#Jr 5:21Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje 19lè Mwen te kase #Mc 6:41-44senk pen yo pou senk mil moun, konbyen #Mat 14:20panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?”
Yo te di Li: “Douz”.
20 “Epi lè Mwen te kase #Mc 8:6-9sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?”
Yo te di li: “Sèt”.
21Li te mande yo: #Mc 6:52“Èske nou poko menm konprann?”
22Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te #Mc 3:10touche l.
23An pran mesye avèg la pa men li, Li te #Mc 7:33; Mc 5:23mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”
24Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”
25Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.
26Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre #Mc 8:23nan vil la.”
27Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée #Mat 16:13-16Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”
28Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.
29Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” #Jn 6:68-69Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”
30Konsa, #Mat 8:4Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.
31 #
Mat 16:21-28
Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rechte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò. 32Li t ap pale bagay la #Jn 10:24byen klè.
Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
33Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, #Mat 4:10 Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”
34Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse pwòp tèt li, #Mat 10:38pran kwa li, e swiv Mwen. 35Paske #Mat 10:39nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li? 37Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
38 “Paske #Mat 10:33nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”
Chwazi Kounye ya:
Marc 8: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith