Levitik Yo 7

7
1“‘Alò sa se lalwa #Lev 5:14-19 ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout. 2Nan #Lev 1:11 plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la. 3Answit, li va ofri li avèk tout grès li: #Lev 3:9 grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo, 4ak de ren yo avèk grès ki sou yo, ki nan pati senti a; epi gwo bout fwa a, li va retire #Lev 3:4 avèk ren yo. 5Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Li se yon ofrann koupabilite. 6#Lev 6:18-29 Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.
7“‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. #I Kor 9:13 Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li. 8Osi, prèt ki prezante ofrann brile a nenpòt moun nan, prèt sa a va gen pou li menm, po a ofrann brile ke li te prezante a. 9Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon #Lev 2:5 pwalon va rete pou prèt ki prezante li a. 10Tout ofrann sereyal, mele avèk lwil oswa sèch, va vin apatyen a tout fis Aaron yo, tout menm jan an.
11“‘Alò, sa se lalwa #Lev 3:1 sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a. 12Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri #Lev 2:4 gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil. 13Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen #Lev 3:1-17 san ledven. 14De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. #Nonb 18:8-19 Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo. 15#Lev 22:29-30 Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten.
16“‘Men si sakrifis lapè a se yon #Lev 19:5-8 ofrann pou fè ve, oswa yon ofrann bòn volonte, li va manje nan jou ke li ofri sakrifis la. Epi nan pwochen jou a, sa ki rete a, ap kapab manje; 17#Egz 12:10 men sa ki rete nan chè sakrifis la, nan twazyèm jou a, va brile avèk dife. 18Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon #Lev 19:7 bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.
19“‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a. 20#Nonb 19:13Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin #Lev 7:25 koupe retire de pèp li a. 21Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”
22Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 23“Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje #Lev 3:17 okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit. 24Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki #Egz 22:31 dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li. 25Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a. 26#I Sam 14:33 Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo. 27Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”
28Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 29“Pale avèk fis Israël yo, e di: ‘Sila ki ofri #Lev 3:1 sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a, va pote ofrann li an bay SENYÈ a soti nan sakrifis ofrann lapè li a. 30Se pwòp men li ki va pote ofrann pa dife a bay SENYÈ a. Li va pote grès la avèk pwatrin nan, pou #Egz 29:26-27 pwatrin nan kapab prezante kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. 31Prèt la va ofri grès la nan lafimen sou lotèl la, men #Nonb 18:11 pwatrin nan va pou Aaron avèk fis li yo. 32Nou va bay #Egz 29:27 kwis dwat la a prèt la kòm yon don ki sòti nan sakrifis ofrann lapè nou yo. 33Sila pami fis Aaron ki ofri san ofrann lapè a ak grès la, kwis dwat la va pou li kòm pati pa li. 34Paske, Mwen te pran #Egz 29:27 pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’”
35Se sa ki konsakre a Aaron e #Nonb 18:8 ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a. 36Sa yo SENYÈ a te kòmande pou bay yo sòti nan fis Israël yo nan jou ke li te #Egz 40:13-15 onksyone yo a. Se dwa yo pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.
37Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann #Egz 29:22-34 òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo, 38#Lev 26:46 ke SENYÈ a te kòmande Moïse nan Mòn Sinaï nan jou ke li te kòmande fis Israël yo pou prezante ofrann pa yo bay SENYÈ a nan dezè Sinaï a.

Chwazi Kounye ya:

Levitik Yo 7: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte