Josué 9
9
1Alò, lè #Nonb 13:29tout wa ki te lòtbò Jourdain nan peyi kolin yo, nan peyi ba plèn ak nan tout kot Gran Lamè a bò kote Liban, Etyen an, avèk Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an Evyen an ak Jebizyen an te tande koze sa, 2yo te reyini ansanm avèk #Sòm 83:3-5yon sèl bi pou goumen avèk Josué e avèk Israël.
3Lè pèp la nan #Jos 9:17Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï, 4yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud, 5avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni. 6Yo te ale kote Josué nan #Jos 5:10kan an nan Guilgal, e yo te di a li menm avèk mesye Israël yo: “Nou sòti nan yon peyi byen lwen. Konsa, fè yon akò avèk nou.”
7Mesye Israël yo te di a #Jos 9:1Evyen yo: “Petèt ou rete touprè nou: donk, kijan nou kap fè akò avèk ou?”
8Men yo te di Josué: #Det 20:11“Nou se sèvitè ou.” Alò, Josué te di yo: “Ki moun nou ye e kibò nou sòti?”
9Yo te di li: #Jos 9:16-17“Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo, 10ak tout sa Li te fè a wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, a Sihon, wa Hesbon an ak Og, wa Basan an, ki te Ashtaroth. 11Pou sa, tout ansyen nou yo avèk tout abitan a peyi nou yo te pale nou e te di: ‘Mete pwovizyon nan men nou pou vwayaj la. Ale rankontre yo e di yo: #Jos 9:8“Nou se sèvitè ou; alò, fè yon akò avèk nou.”’ 12Sa se pen nou e li te cho lè nou te pran li pou pwovizyon nou e sòti lakay nou nan jou ke nou te pati pou vin kote ou a, men koulye a, gade, li rasi. 13Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”
14Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo #Nonb 27:21pa t mande SENYÈ a konsèy. 15#Egz 23:32Josué te fè lapè avèk yo. Li te fè yon akò avèk yo pou lese yo viv, epi dirijan kongregasyon an te sèmante yon ve ak yo.
16Li te vin rive nan fen twa jou yo, lè yo te fin fè akò avèk yo, ke yo te tande ke yo te vwazen ki te rete nan peyi yo. 17Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: #Jos 18:25Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim. 18Fis Israël yo pa t frape yo akoz dirijan kongregasyon an te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye a tout Israël la.
Epi tout kongregasyon an te plenyen kont dirijan yo. 19Men tout dirijan yo te di a tout kongregasyon an: “Nou te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye Israël la. Koulye a, nou pa kapab touche yo. 20Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.” 21Dirijan yo te di a yo menm: “Kite yo viv.” Konsa, yo te vin #Det 29:11moun ki pou koupe bwa ak rale dlo pou tout kongregasyon an, jis jan ke dirijan yo te pale yo a. 22Epi Josué te rele yo pou te pale avèk yo. Li te di: “Poukisa nou te twonpe nou, e di: ‘Nou lwen nou,’ #Jos 9:16lè vrèman nou ap viv nan mitan peyi nou an? 23Koulye a, pou sa, nou #Jen 9:25modi e nou p ap janm sispann jwe wòl kòm esklav, ni pou koupe bwa ni pou rale dlo pou kay Bondye mwen an.”
24Alò, yo te reponn Josué e te di: #Jos 9:9“Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a. 25Alò, gade, nou nan men ou. #Jen 16:6Fè avèk nou sa ki sanble bon e jis nan zye ou pou fè nou.”
26Se konsa, li te fè yo, e te livre yo nan men a fis Israël yo pou yo pa t touye yo. 27Men Josué te bay yo ransèyman soti nan menm jou sa a, kòm moun ki koupe bwa ak rale dlo pou kongregasyon an ak lotèl SENYÈ a, jis rive nan jou sila, #Det 12:5nan plas ke Li ta chwazi a.
Chwazi Kounye ya:
Josué 9: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith