Josué 19

19
1Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo. 2Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada, 3avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem, 4Eltholad, Bethul, Horma 5Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa, 6Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo; 7Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo; 8epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo. 9Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a.
10Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid. 11Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan. 12Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia. 13Soti la, li te kouri vè lès, vè solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa. 14Lizyè a te koube antoure li vè nò rive nan Hannathon e li te fè bout li nan vale Jiphthach-El. 15Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo. 16Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
17Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo. 18Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak #I Sam 28:4Sunem, 19Hapharaïm, Schion, Anacharath, 20Rabbith, Kischjon, Abets, 21Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets: 22Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo. 23Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
24Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo. 25Teritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph, 26Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès. 27Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè #I Wa 9:13Cabul, 28avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan #Jen 10:19Gran Sidon. 29Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn #Jij 1:31Aczib. 30Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo. 31Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
32Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo. 33Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin fè bout li nan Jourdain an. 34Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès. 35Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth, 36Adama, Rama, Hatsor, 37avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor, 38Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo. 39Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
40Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo. 41Teritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch, 42avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla, 43epi Élon, Thiminatha, Ékron, 44Eltheké, Guibbethon, Baalath, 45Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon, 46Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk teritwa ki anfas Japho a. 47Teritwa a #Jij 18:1fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo. 48Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo.
49Lè yo te fin divize teren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan. 50An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, #Nonb 13:8Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann. 51#Jos 18:10Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.

Chwazi Kounye ya:

Josué 19: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte