Josué 16
16
1Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan #Jos 8:15dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel. 2Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth. 3Li te kouri desann vè lwès nan teritwa a Jafletyen yo, jis rive nan teritwa pati #Jos 18:13Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè.
4 #
Jos 17:4
Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo. 5Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te #Jos 18:13Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon. 6Epi lizyè a te vire nan lwès nan #Jos 17:7Micmethath nan nò; epi lizyè a te vire vè lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach. 7Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a #I Kwo 7:27Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an. 8Soti nan #Jos 17:8Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo, 9avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo. 10Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.
Chwazi Kounye ya:
Josué 16: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith