Jérémie 9

9
1O ke tèt mwen te dlo,
e ke zye m yo te yon fontèn dlo,
pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit
pou lanmò a #Jr 6:26fi a pèp mwen an!
2O ke m ta gen nan dezè a,
yon plas pou moun k ap vwayaje rete,
pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.
Pou m kite yo nèt!
Paske yo tout se #Jr 5:7-8adiltè, yon bann moun trèt.
3“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.
Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.
Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,
e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
4“Fòk chak #Sòm 12:2byen veye kont vwazen li,
pou l pa mete konfyans nan okenn frè;
akoz tout frè yo aji nan koken,
e tout vwazen yo ap voye kout lang.
5Yo tout #Mi 6:12pase vwazen parèy yo nan rizib.
Yo refize pale verite.
Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;
yo vin fatige nèt nan fè inikite.
6Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.
Nan desepsyon yo #Job 21:14-15refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
7Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e #Os 11:8fè yo pase a leprèv;
paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
8Lang pa yo se yon flèch mòtèl;
li pale #Sòm 28:3manti.
Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,
men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
9Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a.
“Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
10Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri
ak dèy pou patiraj dezè a,
gwo plent, akoz yo vin #Jr 12:4-10brile nèt,
jiskaske pèsòn pa pase ladann.
Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò;
ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale;
yo ale nèt.
11“Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi,
yon kote abandone pou chen mawon.
Mwen va fè vil Juda yo yon #És 25:2kote ki kraze nèt,
san pèsòn pou rete ladan.”
12Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? #Sòm 107:34Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
13SENYÈ a di: “Akoz yo te #II Kwo 7:19abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, 14men te #Jr 7:24mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.” 15Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va #Sòm 80:5fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. 16Mwen va #Lev 26:33gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
17Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Konsidere e rele #II Kwo 35:25fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.
Voye fanm instwi sa yo, pou yo ka vini!
18Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou,
pou #És 22:4zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka
fè dlo kouri desann.
19Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion:
‘A la detwi nou vin detwi nèt!
Nou te vin mete nan gwo wont,
paske nou #Det 28:29te kite peyi la,
akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”
20Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O #És 32:9fanm yo.
Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li.
Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy.
Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.
21Paske #II Kwo 36:17lanmò fin antre nan fenèt nou nèt.
Li te antre nan palè nou yo
pou fèmen timoun yo andedan
ak jenn gason yo nan lari.
22Pale, “Konsa di SENYÈ a,
“‘Kadav moun yo va tonbe tankou #Sòm 83:10fimye bèt nan chan,
tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la.
Pèsòn p ap ranmase yo.’”
23Konsa pale SENYÈ a:
# Ekl 9:11 “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24Men kite sila ki #Sòm 20:7vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke se Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
25Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo #Jr 4:4pa sikonsi— 26Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se #Lev 26ensikonsi nan kè.”

Chwazi Kounye ya:

Jérémie 9: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte