Jérémie 50
50
1Pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan #Jen 10:10Babylone, peyi Kaldeyen yo, pa Jérémie, pwofèt la:
2“Deklare e pwoklame pami nasyon yo.
Pwoklame sa e leve yon drapo.
Pa kache sa, men di: #Jr 51:31 ‘Babylone te kaptire
Bel gen tan plen regre,
Merodac fin nan gwo twoub!
Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’
3Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan #És 13:7nò;
sa va fè peyi li vin yon objè degoutan
e p ap genyen moun ki rete ladann.
Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!
4“Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a:
“Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou;
yo va avanse ap kriye #Éz 3:12-13pandan yo prale
e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.
5Yo va #És 35:8mande pou chemen ki ale nan Sion an,
e vire figi yo vè direksyon li.
Yo va di ‘Vin mete tèt nou ak SENYÈ a,
nan yon akò k ap dire jis pou tout tan,
youn ki p ap janm bliye.’
6Pèp Mwen an gen tan vin #És 53:6mouton ki pèdi.
Bèje yo te egare yo.
Yo te fè yo vire akote mòn yo.
Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin,
e yo te bliye plas repo yo.
7Tout moun ki rive sou yo te devore yo;
epi advèsè yo te di: #Jr 2:3 ‘Nou pa koupab,
paske se yo ki te peche kont SENYÈ
ki se abitasyon ladwati a,
menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’
8“Detounen kite #És 48:20mitan Babylone!
Sòti nan peyi Kaldeyen yo.
Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann an.
9Paske gade byen, Mwen va #Jr 51:1leve fè parèt kont Babylone,
yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a.
Yo va rale lign batay yo kont li.
Depi la, yo va vin an kaptivite.
Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè,
ki pa janm retounen men vid.
10Chaldée va vin yon viktim;
tout moun ki piyaje li va jwenn kont yo,”
deklare SENYÈ a.
11“Akoz nou kontan, akoz nou ap fete,
o nou menm ki te konn #Jr 12:14piyaje eritaj Mwen an;
akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl
k ap foule sereyal;
epi ki vin ranni kon jenn poulen,
12 #
Jr 15:9
manman nou va tèlman wont,
sila ki te bay nou nesans lan va imilye.
Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo,
yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.
13Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite,
men li va dezole nèt.
Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi.
E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.
14Monte lign batay ou kont Babylone tout kote,
nou tout ki konn koube banza.
Tire sou li.
Pa konsève flèch nou yo,
paske li te peche kont SENYÈ a.
15Leve kriye batay la kont li tout kote!
Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe,
miray li yo fin demoli.
Paske sa se #Sòm 137:8vanjans SENYÈ a.
Pran vanjans sou li.
Jan li te konn fè a, fè l konsa.
16Koupe retire #Jl 1:11kiltivatè Babylone nan;
ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la.
Akoz krent nepe opresè a,
yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo,
e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.
17“Israël se yon #Jl 3:2bann moun kap kouri devan lachas
lyon an te chase yo ale.
Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a,
e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”
18Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la:
“Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a,
menm jan ke M #És 10:12te pini wa Assyrie a.
19Epi Mwen va #És 65:10mennen Israël retounen nan patiraj li
e li va jwen manje li sou Carmel ak sou Basan;
epi dezi li va satisfè nan peyi kolin Éphraïm ak Galaad yo.
20Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a:
“rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la,
men #És 43:25p ap genyen;
epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn;
paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”
21“Kont peyi Merathaïm nan monte;
kont li ak kont moun #Éz 23:23Pékod yo.
Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a;
“epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.
22Bri batay la nan peyi a
ak destriksyon an vin gran.
23Gade kijan #Jr 51:20-24mato k ap frape tout latè a
fin koupe an moso e kraze!
Gade kijan Babylone te vin yon objè degoutan pami nasyon yo!
24Mwen te #Jr 48:43-44poze yon pèlen pou ou
e ou menm te kenbe tou, o Babylone.
Pandan ou pa t menm konnen,
ou tou te dekouvri, ou e te pran,
akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”
25SENYÈ a te ouvri depo zam Li.
Li te fè parèt #És 13:5zam endiyasyon Li yo,
paske Senyè BONDYE Dèzame yo
gen travay ki pou fèt nan peyi Kaldeyen yo.
26Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an.
Ouvri depo li yo.
Anpile li kon gwo pil.
#
És 14:23
Detwi li nèt.
Pa kite anyen rete pou li.
27 #
És 34:7
Mete tout jenn towo li yo a nepe.
Kite yo desann nan masak la!
Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive,
lè pinisyon pa yo a.
28Tande #És 48:20bri a sila k ap sove ale yo,
ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan,
pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an;
vanjans pou tanp Li an.
29“Rele anpil kont Babylone,
tout sila ki konn koube banza yo.
Fè kan kont li tout kote,
pa bay li mwayen pou chape menm.
Rekonpanse li selon zèv li yo.
Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li;
paske li te vin #Egz 10:3awogan kont SENYÈ a,
kont Sila Ki Sen an Israël la.
30Pou sa, #És 13:17jennonm pa l yo va tonbe nan lari;
e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans
nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.
31“Gade byen, #Jr 21:13Mwen kont ou,
O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo,
“Paske jou pa ou a fin rive,
lè ke M va pini ou a.
32 #
És 10:12-15
Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li;
epi Mwen va mete dife nan vil li yo
e li va devore tout andwa l yo.”
33Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Fis Israël yo vin oprime, ansanm ak fis a Juda yo.
#
És 14:17
Tout moun ki te pran yo an kaptivite yo
te kenbe yo di.
Yo te refize lage yo.
34Redanmtè yo a fò.
SENYÈ dèzame yo se non Li;
Li va plede ka yo ak gwo fòs
pou L ka mennen lapè sou tè a,
ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.
35“Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a:
“Kont moun ki rete Babylone yo,
kont #Dan 5:1-8ofisye li yo ak mesye saj li yo!
36Yon nepe kont #És 44:25moun anfle yo;
yo va devni moun fou!
Yon nepe kont mesye pwisan li yo;
yo va twouble nèt!
37Yon nepe kont #Sòm 20:7cheval li yo,
kont cha lagè yo,
kont tout etranje ki rete nan mitan l yo
e yo va vin tankou fanm!
Yon nepe rete sou trezò li yo,
e yo va piyaje!
38Yon sechrès sou dlo li yo,
e yo va vin sèch nèt!
Paske se yon peyi #És 46:1-7imaj taye,
e yo fou pou zidòl sa yo.
39Akoz sa, #És 13:21bèt dezè yo va viv la,
ansanm ak chen mawon.
Anplis, otrich va viv ladann,
e li p ap janm gen moun ladann ankò,
ni moun k ap viv la de jenerasyon an jenerasyon.
40“Tankou lè Bondye te boulvèse #Jen 19:24-25Sodome ak Gomorrhe
ak vwazen li yo,” deklare SENYÈ a:
“Nanpwen moun k ap viv la, ni fis a lòm k ap rete ladann.
41“Gade byen, yon pèp ap vini #És 13:2-5soti nan nò,
Yon gwo nasyon ak anpil wa
va leve soti nan dènye pwent latè.
42Yo sezi banza yo, ak lans yo;
yo mechan e yo san mizerikòd.
#
És 5:30
Vwa yo gwonde tankou lanmè.
Yo monte sou cheval yo,
chaken byen òdone tankou moun
pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.
43Wa Babylone nan te tande rapò de yo,
e men li pann san fòs.
#
Jr 30:6
Gwo dekourajman sezi li;
gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.
44Gade byen, youn va monte kon yon lyon
soti nan rakbwa Jourdain an,
rive nan yon abitasyon byen fò;
paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li.
Epi nenpòt moun ki #Nonb 16:5chwazi,
Mwen va dezinye l mete sou li.
Paske se kilès ki tankou Mwen?
E se kilès k ap fè m tan lè M?
Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”
45Pou sa, tande #Sòm 33:11konsèy SENYÈ a,
ke li te fè kont Babylone;
plan a ke Li deja fome kont peyi Kaldeyen yo:
Anverite, yo va vin trennen deyò,
menm piti nan bann mouton yo.
Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.
46Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!”
E #És 5:7gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.
Chwazi Kounye ya:
Jérémie 50: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith