Jérémie 4

4
1“Si ou va #Jr 3:22retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. 2Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, #És 48:1anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
3Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; #Mat 13:7pa simen pami pikan yo. 4Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile #Am 5:6pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo. 5Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: #Jos 10:20 ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’ 6Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen #Jr 1:14-15malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
7Yon #Jr 5:6lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo. 8Pou sa, #És 22:12abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou. 9“Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e #És 29:9-10pwofèt yo va etone.”
10Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa #Éz 14:9nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
11Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon #Jr 13:24van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye. 12Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
13Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo #Lam 4:19pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt! 14Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè #Pwov 1:22panse mechan nou yo va rete anndan ou? 15Paske yon vwa deklare soti #Jr 8:16Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm. 16“Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon #És 39:3peyi lwen! Yo leve vwa yo kontra vil Juda yo. 17Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te #És 1:20-23fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a. 18#Sòm 107:17“Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
19 # És 15:5 Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a. 20#Sòm 42:7Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman. 21Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
22“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan #Jr 9:3fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.” 23Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te #Jen 1:2san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè. 24Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap #És 5:25souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou. 25Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout #Jr 9:10zwazo syèl yo te vin sove ale. 26Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li. 27Paske konsa pale SENYÈ a: #Jr 12:11-12“Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt. 28Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
29Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, #II Wa 25:4tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo. 30Ou menm, O sila ki dezole a, #És 10:3se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou. 31Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap #És 42:14soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”

Chwazi Kounye ya:

Jérémie 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte