Jérémie 33
33
1Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou #Jr 32:2-8nan prizon nan lakou gad la. Li te di: 2“Konsa pale #Jr 51:19SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li. 3#Sòm 50:15‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’ 4Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont #Jr 32:24balkon tè syèj yo e kont nepe a, 5‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te #És 8:17kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo, 6‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo #És 66:12lapè ak verite an abondans. 7Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va #És 1:26rebati yo jan yo te ye o kòmansman an. 8Mwen va #Sòm 51:2netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo. 9Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan #Jr 3:17-19tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”
10Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa ou w ap di a: ‘Sa se yon #Jr 32:43dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’ 11vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
12Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki #Jr 32:43san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete. 13Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò #Lev 27:32pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.
14“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va #És 32:1-2akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.
15“Nan jou sa yo e nan lè sa a,
Mwen va fè yon #És 4:2Branch ladwati a David pete vin parèt.
Li va egzekite #És 4:2lajistis ak ladwati sou tout latè.
16Nan jou sa yo, Juda va vin sove
e Jérusalem va ansekirite.
Men non pa sila li va rele a:
#
És 45:24-25
SENYÈ a se ladwati nou.”
17“Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David #II Sam 7:16p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la. 18Konsa, #Nonb 3:5-10prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”
19Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di: 20“Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka #Sòm 89:37kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo, 21alò, konsa sèlman,#II Sam 23:5akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. 22Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”
23Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: 24“Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: #És 7:17 ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. 25Konsa pale SENYÈ a: ‘Si #Jen 8:22 akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm, 26alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo #Jen 49:10chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”
Chwazi Kounye ya:
Jérémie 33: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith