Jérémie 25

25
1Pawòl ki te rive kote Jérémie konsènan tout pèp a Juda a, nan katriyèm ane a #II Wa 24:1-2Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, (ki te nan premye ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan), 2ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout #Jr 18:11pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di: 3Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
4SENYÈ a te voye bannou tout #II Kwo 36:15sèvitè Li yo ak pwofèt yo. Li te leve bonè pou voye yo, men nou pa t koute, ni panche zòrèy nou pou koute, 5Li te di: #II Wa 17:13 “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan. 6#Det 6:14Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”
7“Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
8Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo, 9gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, #És 13:3sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan. 10Anplis, Mwen va #És 24:8-11retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan. 11Tout peyi sa a va vin yon dezolasyon ak yon gwo laperèz, e nasyon sa yo va sèvi wa Babylone nan pandan #II Kwo 36:21swasann-dis ane.”
12“Konsa, li va vin rive ke #Esd 1:1lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan. 13Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan #Jr 36:4-32liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo. 14(Paske, #Jr 27:7anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”
15Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran #Job 21:20tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l. 16Yo va #Na 3:11bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”
17Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te #Jr 1:10fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l: 18#Sòm 60:3Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a; 19#Jr 46:2-28Farawon, wa Égypte la, sèvitè li yo, prens li yo ak tout pèp li a; 20epi tout etranje yo, tout wa #Job 1:1peyi Uts yo, tout wa peyi Filisten yo, menm Askalon, Gaza, Ékron, ak sila ki rete Asdod yo; 21Édom, #Jr 48:1-47Moab ak fis Ammon yo; 22epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa #Jr 31:10peyi kot ki lòtbò lanmè yo; 23Dedan ak Théma, ak #Jen 22:21Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo; 24epi tout wa Arabie yo ak tout wa a pèp etranje ki rete nan dezè yo; 25epi tout wa Zimri yo, tout wa a #Jen 10:22Élam yo ak tout wa a Médie yo; 26epi tout wa nò yo, ni pre, ni lwen, youn avèk lòt; epi #Jr 25:9tout wayòm latè ki sou sifas tè a. Wa Schéschac la va bwè apre yo.
27“Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz #Éz 21:4-5nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’
28Epi li va vin rive ke si yo #Job 34:33refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè! 29Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki #I Wa 8:43rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.”’
30“Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo:
‘SENYÈ a va #Jl 2:11 gwonde fò depi anwo;
vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an.
Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an.
Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo,
kont tout sila ki rete sou latè yo.
31Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè,
akoz SENYÈ a #Os 4:1gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo.
Li va antre nan jijman ak tout chè yo.
Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’” deklare SENYÈ a.
32Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon,
e yon #És 30:30gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.
33Sila ki #És 34:2-3touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.
34Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo;
rele anmwey!
Woule kò nou nan sann,
nou menm ki mèt a bann mouton yo;
paske jou a #És 34:6-7masak nou yo ak egzil la fin rive,
e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.
35 # Job 11:20 Sove ale pa p posib pou bèje yo.
Mèt bann mouton yo p ap chape.
36Tande kri a bèje yo,
ak plent a mèt bann mouton yo.
Konsa, SENYÈ a ap detwi patiraj yo,
37Epi #És 27:10pak mouton lapè yo tonbe an silans,
akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
38Li soti nan kote kachèt Li yo #Jr 4:7kon lyon an,
paske peyi yo te devni yon gwo laperèz
akoz gwo vyolans nepe k ap oprime,
e akoz gwo raj a kòlè Li.

Chwazi Kounye ya:

Jérémie 25: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte