Jérémie 14
14
1Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan #Jr 17:8gwo sechrès la:
2Juda kriye ak doulè
e pòtay li yo vin abandone.
Yo chita atè pou fè dèy e #I Sam 5:12kri Jérusalem vin monte.
3Prens pa yo te #I Wa 18:5voye sèvitè yo chache dlo.
Yo rive nan sitèn yo,
men nanpwen dlo.
Yo te retounen ak veso yo vid.
Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.
4Akoz #Jl 1:19tè sèch la vin fann,
akoz pa t gen lapli sou peyi a;
kiltivatè yo te vin wont.
Yo te kouvri tèt yo.
5Wi, menm femèl sèf nan chan an
fè pitit pou kite yo.
#
És 15:6
Nanpwen zèb.
6 #
Job 39:5-6
Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo.
Y ap rale soufle fò tankou chen mawon.
Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.
7Malgre inikite nou yo temwaye kont nou,
O SENYÈ, aji pou koz a non Ou!
Rebelyon nou anpil.
Nou te peche kontre Ou.
8O Espwa Israël la,
#
És 43:3
Sovè li nan tan gwo twoub la,
poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a?
Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?
9Poukisa Ou tankou yon nonm twouble,
tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou?
Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou;
pa abandone nou!
10Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a:
“Malgre yo tèlman renmen egare;
yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl.
Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo.
Koulye a, li sonje inikite yo.
Li fè yo rand kont pou peche yo.”
11Pou sa, SENYÈ a te di m: #Egz 32:10“Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a. 12Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”
13Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou #Jr 5:12p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”
14Konsa, SENYÈ a te di Mwen: #Jr 5:31 “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’,#Jr 23:15 ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo! 16Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va #Pwov 1:31vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
17“Ou va di yo pawòl sa a:
‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen
e pa kite dlo yo sispann;
Paske #És 37:22fi vyèj a pèp mwen an
te kraze ak yon gran brèch,
ak yon blesi byen grav.
18Si mwen ale andeyò peyi a,
gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo!
Oswa si mwen antre nan vil la,
gade byen, maladi ak gwo grangou!
Paske #Jr 6:13pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini
nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”
19Èske Ou te rejte Juda nèt?
Oswa èske Ou te rayi Sion?
Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou #Jr 30:13vin pa ka geri?
Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini;
pou yon tan pou nou ta ka geri,
men gade byen, se gwo laperèz!
20Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ,
inikite a papa zansèt nou yo,
paske #Jr 8:14nou te peche kont Ou.
21Pa meprize nou, #Sòm 25:11pou koz a pwòp non Ou:
pa kite twòn a glwa ou a dezonore.
Sonje e pa kase akò Ou avèk nou.
22Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli?
Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo?
Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an?
Akoz sa, nou mete #Lam 3:26espwa nan Ou,
paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.
Chwazi Kounye ya:
Jérémie 14: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith