Jacques 4
4
1Kisa ki sous kont ak konfli #Tit 3:9pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè #Wo 7:23lagè nan manm kò nou yo? 2Nou anvi e nou pa genyen, donk #Jc 5:6nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3Nou mande e nou #I Jn 3:22pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
4Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se #Wo 8:7rayisman anvè Bondye? #Mat 6:24Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
5Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: #I Kor 6:19 “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
6Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: #Pwov 3:34“Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
7Konsa #I Pi 5:6soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. #Job 17:9Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9#Pwov 14:13Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10#Job 5:11Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
11Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12Gen #És 33:22yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
13Vini koulye a, nou menm, ki di: #Pwov 27:1“Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? #Job 7:7Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15Olye de sa, nou ta dwe di: #Trav 18:21“Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. #I Kor 5:6Tout ògèy konsa, se mechanste. 17Alò #Luc 12:47a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
Chwazi Kounye ya:
Jacques 4: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith