Jacques 2
2
1Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk #Trav 10:34patipri.
2Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak #Za 3:3rad sal, 3epi nou prete atansyon espesyal a sila ki #Luc 23:11byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, 4Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij #Luc 18:6avèk move lentansyon?
5Koute, frè byeneme m yo, èske #Job 34:19Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e #Mat 5:3eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? 6Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. 7#Trav 11:26Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
8Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: #Lev 19:18“Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.
9Men si nou #Trav 10:34montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. 10Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li #Jc 3:2tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. 11Paske, Sila a ki te di: #Egz 20:14“Pa fè adiltè” a, Li te di tou: #Det 5:17“Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. 12Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa #Jc 1:25lalwa libète a. 13Paske #Pwov 21:13jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.
14 #
Jc 1:22
Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15#Mat 25:35Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16epi youn nan nou di yo: #I Jn 3:17“Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17Menm jan an #Gal 5:6lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
18Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m #Wo 3:28lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
19Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. #Mat 8:29Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke #Gal 5:6lafwa san zèv vin initil? 21#Jen 22:9,10,12,16-18Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22Nou wè ke #Eb 11:17lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, #I Tes 1:3zèv lafwa li a te vin pafè. 23Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: #Jen 15:6“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. 24Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou #Gal 5:6lafwa san zèv deja mouri.
Chwazi Kounye ya:
Jacques 2: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith