Ésaïe 7

7
1Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo #És 7:6-7pa t ka genyen l. 2Lè rapò a te rive kote #És 7:13lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
3Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent #II Wa 18:17kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. 4Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk #Am 4:11sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. 5Paske #És 7:2Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: 6Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” 7Konsa pale Senyè BONDYE a: #És 8:10“Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” 8Paske tèt Syrie a se #Jen 14:15Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), 9Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. #II Kwo 20:20Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’”
10SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: 11“Mande yon #II Wa 19:29sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”
12Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”
13Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a #És 25:1 Bondye mwen an tou? 14Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon #Mat 1:23vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li #És 8:8-10 Emmanuel. 15Li va manje #És 7:22bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. 16Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, #És 8:14 peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. 17SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke #I Wa 12:16Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
18Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan #És 13:5 kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. 19Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou #És 2:19ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
20Nan jou sa a, SENYÈ a va #II Wa 18:13-16raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.
21Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn #És 14:30gazèl bèf ak yon pè mouton. 22Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè #És 8:15bòl lèt ak siwo myèl la.
23Konsa, li va rive nan jou sa a, ke #És 5:10tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. 24Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. 25Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou #És 5:17 pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”

Chwazi Kounye ya:

Ésaïe 7: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte