Ésaïe 64
64
1O ke Ou ta chire syèl yo,
ke Ou ta desann,
ke mòn yo ta #Jij 5:5tranble devan prezans Ou—
2tankou dife anflame touf bwa chan an,
tankou dife fè dlo bouyi.
Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo,
pou #Sòm 99:1nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!
3Kon lè Ou te fè #Sòm 65:5 bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo;
Ou te desann.
Mòn yo te tranble devan prezans Ou.
4Depi nan jou ansyen yo, #I Kor 2:9yo pa t tande ni sezi ak zorèy,
ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou,
k ap aji pou sila k ap tann Li an.
5Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat,
ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo.
Gade byen, #És 12:1Ou te fache paske nou te peche,
nou te kontinye nan peche pandan anpil tan.
Èske nou va sove?
6Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp.
Tout #És 46:12zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt;
konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy,
e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
7Nanpwen moun ki rele non Ou,
ki leve pou atache a Ou menm;
paske Ou te #Det 31:18kache figi Ou a nou menm
e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.
8Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
nou se ajil la e se Ou ki met kanari a;
nou tout se #Sòm 100:3zèv men Ou yo.
9Pa vin fache depase, O SENYÈ,
#
És 43:25
ni sonje inikite nou yo pou tout tan.
Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.
10 #
És 48:2
Vil sen Ou yo te vin yon dezè;
Sion te vin yon dezè,
Jérusalem yon kote dezole.
11 #
II Wa 25:9
Bèl kay sen nou an,
kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo,
te brile ak dife;
epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.
12Èske Ou va #Sòm 74:10ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ?
Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 64: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith