Ésaïe 61

61
1 # Mat 11:5 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2pou #És 49:8pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak #Sòm 23:5lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
4Yo va #És 49:8rebati ansyen mazi yo,
yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo.
Yo va repare vil ki te detwi yo,
dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
5 # És 14:2 Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo,
e pitit a etranje yo va kiltivatè tè nou,
ak chan rezen nou yo.
6Men nou va rele kon #És 66:21prèt SENYÈ a;
Lèzòm va rele nou sèvitè yo a Bondye nou an.
Nou va manje richès a nasyon yo,
e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.
7Olye de wont nou, #És 40:2nou va gen yon pòsyon doub;
olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo.
Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo;
lajwa etènèl la va pou yo.
8Paske Mwen, SENYÈ a, #És 5:16renmen lajistis;
Mwen rayi vòl ak malfezans.
Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,
e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.
9Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo,
e posterite yo nan mitan a tout pèp yo.
Tout moun ki wè yo va rekonèt yo,
akoz yo se #És 44:3desandan ke SENYÈ a te beni yo.
10Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;
nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an,
paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.
Li te vlope m nan yon manto ladwati,
tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;
e tankou yon #Rev 21:2jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
11Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la,
jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi,
konsa Senyè BONDYE a va fè #Sòm 72:3ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.

Chwazi Kounye ya:

Ésaïe 61: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte