Ésaïe 57
57
1Moun dwat la peri,
men pèsòn pa pran sa a kè.
Sila ak mizerikòd vin retire,
men pèsòn pa konsidere
ke moun dwat la retire pou anpeche #II Wa 22:20mal la rive l.
2Li antre nan lapè.
Chak antre nan pwòp kabann pa l;
tout sila ki te #És 26:7mache dwat nan chemen li yo.
3“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo,
#
És 1:4
desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.
4Se kont kilès nou fè plezi a?
Kont kilès nou ouvri bouch nou laj
e lonje lang nou an?
Se pa desandan a #És 48:8rebèl nou ye,
ak pòtè a desepsyon?
5Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo,
anba tout gwo bwa vèt,
ki #II Wa 23:10fè masak timoun yo nan ravin yo,
anba fenèt wòch gwo falèz yo?
6Pami #Jr 3:9wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w;
pou yo menm ou te voye osò a.
Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason.
Ou te fè yon ofrann sereyal.
Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo?
7Sou yon gwo mòn byen wo, ou #Éz 23:41te fè kabann ou.
Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.
8Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou;
ou te ouvri ou menm a yon lòt sòf ke mwen.
Konsa, ou te monte.
Ou te ale fè kabann ou byen laj.
Konsa ou te antann ou avèk yo.
Ou te byen renmen sa ou te we sou kabann yo.
9Ou te ale kote wa a ak lwil,
e ou te ogmante pafen ou yo;
ou te #Éz 23:16-40voye mesaje ou yo rete lwen,
e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.
10Ou te fatige akoz wout ou te long,
men ou pa t di: #Jr 2:25‘Nanpwen espwa.’
Ou te jwenn fòs renouvle.
Ou pa t febli menm.
11De #Pwov 29:25kilès ou te pè e twouble a,
ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an,
ni menm panse a Mwen an?
Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan
ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?
12Mwen va #És 58:1-2deklare ladwati ou ak zèv ou yo,
men yo p ap nan avantaj ou.
13Lè ou vin kriye fò, #Jr 22:20kite zidòl ou yo delivre ou.
Men van an va pote yo ale.
Yon souf va rale yo monte.
Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a.
Li va posede mòn sen Mwen an.”
14Li va di: #És 62:10“Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an!
Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.”
15Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,
Sila ki viv jis pou tout tan an,
non a Li se Sila ki Sen an, pale:
“Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,
anplis ak li menm ki gen #Sòm 34:18kè ki pi e ki enb,
pou fè leve lespri a enb yo,
e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
16Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan,
#
Sòm 85:5
ni se pa pou tout tan ke M ap fache a;
paske lespri a ta vin fèb devan M,
ak nanm a sila ke M te fè yo.
17Akoz inikite #És 2:7gwo lanvi li,
Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li.
Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache.
Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.
18Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, #És 19:22M ap geri li;
Mwen va mennen li e restore konsolasyon
a li menm ak sila k ap lamante pou li.
19Mwen kreye fwi a lèv yo:
“Lapè, lapè, pou sila ki #Trav 2:39lwen yo,
ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:
“Epi Mwen va geri yo.”
20Men #Job 18:5-14mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse.
Li p ap ka kalme, e dlo yo
rale fè monte fatra ak labou.
21 #
És 48:22
“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di:
“pou mechan yo”.
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 57: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith