Ésaïe 51

51
1“Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a,
k ap #Sòm 94:15chache SENYÈ a:
Gade vè wòch sou sila nou te taye a,
vè min wòch kote nou te retire a.
2Gade vè #És 29:22Abraham, papa nou an
ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant.
Lè li te yon sèl, Mwen te rele li,
Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
3Anverite, SENYÈ a te konsole Sion;
Li te rekonfòte tout kote dezole li yo.
Epi savann li yo te fèt sanble ak #Jen 2:8Éden,
e dezè yo tankou jaden Senyè a.
Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo;
remèsiman ak son melodi chanson.
4“Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an
e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an;
paske yon lwa va sòti nan Mwen
e Mwen va #És 1:27poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.
5 # És 46:13 Ladwati Mwen toupre a.
Sali Mwen te voye deyò.
Se bra M kap jije pèp yo.
Peyi kot yo va tann Mwen,
e bra M va jije pèp yo.
6Leve zye nou vè syèl la
e gade anba vè latè;
paske syèl la va disparèt tankou lafimen;
# Sòm 102:25-26 latè va epwize tankou yon vètman.
Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri;
men delivrans Mwen va la jis pou tout tan,
e ladwati Mwen p ap janm sispann.
7“Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati,
yon pèp ki gen lalwa M nan #Sòm 37:31kè yo.
Pa pè repwòch a lòm,
ni dekouraje lè y ap meprize nou.
8Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman,
e #És 14:11mit va manje yo tankou len.
Men ladwati Mwen va jis pou tout tan,
e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
9“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a;
leve tankou nan jou lansyen yo.
# Job 26:12 Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a,
ki te frennen dragon an nèt la?
10Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a,
dlo yo a gran fon an;
ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen
pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?
11Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;
vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.
Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.
Yo va jwenn kè kontan ak lajwa,
e #És 60:19tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.
12“Mwen, Mwen menm se Sila ki #És 51:3bannou konsolasyon an.
Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri,
ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?
13Èske ou te #Det 6:12bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a,
ki te rale ouvri syèl yo
e te poze fondasyon latè yo?
Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a,
pandan l ap prepare pou detwi?
Men ki kote kòlè opresè sila a?
14Toutalè #És 48:20egzile a va libere.
Li p ap mouri nan kacho a,
ni li p ap manke pen.
15Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a,
ki fè #Sòm 107:25boulvèse lanmè a,
Ki fè lanm li yo gwonde.
SENYÈ dèzame yo se non Li.
16Mwen te #Det 18:18mete pawòl Mwen nan bouch ou
e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen,
pou etabli syèl yo, fonde latè a
e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’”
17 # És 51:9 Leve ou menm! Leve ou menm!
Kanpe, O Jérusalem!
Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li.
Gode ki pou fè ou kilbite a,
ou fin bwè jis rive nan kras anba l.
18 # Sòm 88:18 Nanpwen moun ki pou gide fi a
pami tout fis li te fè yo,
ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen
pami tout fis li te leve yo.
19Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou—
se kilès ki va kriye pou ou?—
# És 8:21 devastasyon ak destriksyon,
gwo grangou, ak nepe.
Kijan pou m ta konsole ou?
20Fis ou yo vin endispoze;
yo kouche atè sou pwent a chak ri,
tankou antilòp ki kenbe nan pèlen.
Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a,
ak #És 66:15repwòch Bondye ou a.
21Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki #És 54:11aflije,
ki sou, men pa avèk diven:
22Konsa pale Senyè ou a,
SENYÈ a, menm Bondye ou,
ki pran plede kòz pou pèp Li a:
“Gade byen, Mwen te retire #És 51:17tas kilbite a,
gode kòlè Mwen an soti nan men ou;
ou p ap janm bwè l ankò.
23M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo,
ki te di nanm ou: #Jos 10:24 ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’.
Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a;
tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”

Chwazi Kounye ya:

Ésaïe 51: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte