Ésaïe 46

46
1 # És 2:18 Bel vin pwostène,
Nebo koube nèt.
Imaj pa yo kon pote sou bèt;
menm sou tout kalite bèt domestik.
Bagay ke nou pote yo se chaj lou;
yon fado ki pèze sa yo ki fatige.
2Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm.
Yo pa t ka delivre chaj lou a,
men yo menm #Jij 18:17-24vin prizonye yo.
3Koute Mwen, O lakay Jacob
ak tout retay lakay Israël la;
nou menm ki te #Sòm 71:6pote menm depi nan nesans,
ki te pote depi nan vant.
4Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,
e menm lè #Sòm 71:18cheve nou blanch, Mwen va pote nou.
Mwen te fè, e Mwen va pote.
Mwen va pote, e Mwen va delivre.
5 # És 40:18-25 A kilès nou ta fè Mwen sanble,
fè Mwen vin egal e konpare Mwen,
konsi nou te menm bagay?
6Kèk kon #És 40:19vide lò ki sòti nan bous,
oswa peze ajan sou balans.
Anplwaye yon òfèv,
e l ap fè l vin tounen yon dye.
Yo pwostène—
e anverite, yo adore l.
7Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;
yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.
Li p ap ka deplase nan plas li.
Malgre yon moun ta kriye anvè li, #És 41:28li p ap ka reponn;
li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.
8Sonje sa e kanpe fèm kon gason;
# És 44:19 kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.
9Sonje #Det 32:7ansyen bagay ki pase lontan yo,
paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.
Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,
10ki deklare lafen depi nan kòmansman
e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.
Mwen ki di w: #Sòm 33:11“Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
11M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,
yon nonm volonte Mwen an,
k ap soti nan yon peyi lwen.
Anverite, Mwen te #Nonb 23:19pale.
Anverite, Mwen va fè sa rive.
Mwen ki te fè plan an;
Mwen k ap fè l rive.
12Koute Mwen, nou menm, moun #Sòm 76:5tèt di,
ki lwen ladwati yo!
13Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre.
Li pa lwen,
epi sali Mwen p ap fè reta.
Mwen va bay #És 61:3sali nan Sion
e glwa Mwen a Israël.

Chwazi Kounye ya:

Ésaïe 46: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte