Ésaïe 13
13
1Pwofesi konsènan #És 47:1-15 Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.
2Leve yon drapo sou #Jr 51:25 mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo! 3Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm #Jl 3:11gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen. 4Yon #És 5:30bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay. 5Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou #És 24:1 detwi tout peyi a.
6Rele anmwey, paske #És 2:12jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. 7Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e #És 19:1kè a tout moun va fann. 8Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va #És 26:17 vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. 9Gade byen, #És 13:6jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. #És 24:23 Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. 11Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak #És 3:11 mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. 12Mwen va fè lòm mòtèl la vin #És 4:1pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. 13Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan #Lam 1:12 jou kòlè Li k ap anflame a. 14Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa #I Wa 22:17mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo. 15Nenpòt moun yo rankontre, yo va #És 14:9frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe. 16#Sòm 137:8-9Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.
17Gade byen, Mwen va fè Mèdes #Jr 51:11leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo. 18Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni #Esd 9:5-10zye yo p ap fè pitye pou timoun. 19Konsa, Babylon #Dan 4:30 bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a. 20Li #És 14:23p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la. 21Men se #És 34:11-15bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la. 22Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl #És 25:2palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 13: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith