Ésaïe 11
11
1Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon #Rev 5:5 branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 #
És 42:1
Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l #Jn 2:25wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4men ak #És 9:7ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
6 #
És 65:25
Lou a va demere ak jèn mouton an,
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;
epi yon tigason va mennen yo.
7Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
8Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
9Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
10Nan jou sa a, #Luc 2:32nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
11Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie #És 19:21-22 Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo. 12Li va leve yon drapo pou nasyon yo, #És 56:8rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo. 13#És 9:21Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm. 14Yo va #Jr 48:40desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm. 15Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou #És 7:20rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk. 16Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël #Egz 14:26-29 nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 11: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith