Ebre Yo 8
8
1Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li #Sòm 110:1adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.” 2Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan #Eb 9:11,24vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.
3Paske chak #Eb 2:17wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou. 4Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki #Eb 5:1ofri don yo selon Lalwa, 5ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske #Egz 25:40“Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”
6Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi #I Tim 2:5medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
7Paske #Eb 7:11si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm. 8Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:
#
Jr 31:31
“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,
lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la
e avèk kay Juda a;
9 #
Egz 19:5
Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo
nan jou ke M te pran yo nan men
pou mennen yo sòti an Égypte la;
paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an
e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.
10 #
Jr 31:33
Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la
apre jou sa yo, di Senyè a:
Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,
e Mwen va ekri yo nan kè yo.
Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
11 #
Jr 31:34
Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo
ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,
paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan
pi piti jiska pi gran nan yo.
12 #
És 43:25
Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo
e Mwen p ap sonje peche yo ankò.
13Lè L te di: #Luc 22:20“Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.
Chwazi Kounye ya:
Ebre Yo 8: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith