Galat Yo 3
3
1O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te #I Kor 1:23piblikman prezante kòm krisifye a? 2Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa #Wo 10:17tande avèk lafwa? 3Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè? 4Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—#I Kor 15:2si vrèman se te anven? 5Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa #Wo 10:17tande ak lafwa. 6Malgre sa #Jen 15:6“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.” 7Konsa, se pou nou asire ke #Wo 4:16se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham. 8Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: #Jen 12:3“Tout nasyon yo va beni nan ou”. 9Alò #Gal 3:7sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an.
10Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: #Det 27:26“Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.” 11Alò, li klè ke #Gal 2:16pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske #Hab 2:4“Moun jis la va viv pa lafwa”. 12Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: #Lev 18:5“Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”
13Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: #Det 21:23“Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” 14Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou #Gal 3:2ta kapab resevwa #Trav 2:33pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.
15Frè m yo #Wo 3:5mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann. 16Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: #Trav 3:25“E a posterite ou”, sa se Kris. 17Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini #Jen 15:13kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la. 18Paske #Wo 4:14si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.
19 #
Wo 5:20
Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la. 20Alò #I Tim 2:5yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl.
21Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. #Luc 20:16Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa. 22Men Lekriti sen an #Wo 11:32anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.
23Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, sans akse a lafwa ki t ap vin revele pita. 24Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, #Gal 2:16pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. 25Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba #I Kor 4:15yon pwofesè lekòl ankò. 26Paske nou tout se #Wo 8:14fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27Paske nou tout ki te batize nan Kris la te #Wo 13:14abiye tèt nou avèk Kris. 28#Wo 3:22Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon #Wo 9:8pwomès la.
Chwazi Kounye ya:
Galat Yo 3: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith