Ézéchiel 13
13
1Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, pwofetize kont #És 9:15pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a: 3Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen. 4O Israël, pwofèt nou yo te tankou rena pami pil mazi ki fin kraze. 5Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a. 6Yo wè #Jr 29:8tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli. 7#Éz 22:28Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”
8Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, #Éz 5:8Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9“Konsa, men Mwen va kont #Jr 20:3-6pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
10“‘Akoz, anverite yo te #Jr 23:32egare pèp Mwen an lè yo te di: “Lapè,” lè pa t gen lapè. Lè nenpòt moun bati yon miray, gade byen, yo fè l randwi ak lacho. 11Donk, pale a sila ki randwi li ak lacho yo, ke li va tonbe. Yon inondasyon lapli va vini, e nou menm, o gran lagrèl, va tonbe. Yon van vyolan va pete l. 12Gade byen, lè miray la fin tonbe, èske yo p ap mande nou: “Kote lacho ke nou te sèvi nan randwi li a?”
13“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè yon van vyolan vin pete nan kòlè Mwen. Anplis, va genyen nan mekontantman Mwen, yon inondasyon lapli ak #Egz 9:24-25lagrèl pou konsonmen li nèt ak gwo laraj. 14Konsa, Mwen va demoli miray ke nou te kouvri ak randisaj la jis rive atè, jis #Mi 1:6fondasyon li yo fin ekspoze nèt. Epi lè l tonbe, nou va vin manje nan mitan li. Epi nou va vin konprann ke se Mwen ki SENYÈ a. 15Se konsa, Mwen va pase kòlè Mwen sou miray la ak sou sila ki te fè randisaj ak lacho sou li yo. Mwen va di nou, ‘Miray la pa la ankò, ni bòs randisaj yo pa la ankò. 16Konsa ak pwofèt Israël sa yo ki pwofetize a Jérusalem yo, ki te #Jr 6:14fè vizyon lapè pou li yo, lè pat gen lapè a,’” deklare Senyè BONDYE a.
17Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati #Éz 13:2pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo, 18pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou #II Pi 2:14 fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm? 19#Pwov 28:21Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”
20Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont braslè wanga nou yo, avèk sila nou chache lavi moun, tankou se zwazo yo. Mwen va rache yo nan bra nou. Epi Mwen va lage nanm sa yo lib, menm nanm de sila ke nou kapte, tankou se zwazo yo. 21Anplis, Mwen va chire vwal nou yo, Mwen va #Sòm 91:3delivre pèp Mwen an soti nan men nou, e yo p ap nan men nou ankò pou fè viktim lachas. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 22Akoz nou te #Am 5:12dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove, 23pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va #Éz 13:21delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
Chwazi Kounye ya:
Ézéchiel 13: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith