Egzòd 4

4
1Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni #Egz 3:18 koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
2SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?”
Epi li te di: “#Egz 14:17-20 Yon baton.”
3Li te di: “Jete l atè.”
Moïse te jete l atè, e #Egz 7:10-12 li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.
4Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.”
Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.
5“Pou #Egz 4:31 yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”
6SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni #Nonb 12:10 lèp tankou lanèj.
7Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, #Nonb 12:13-15 li te vin nèf tankou rès chè li.
8“Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan. 9Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan #Egz 7:19-20 va vin tounen san sou tè sèch la.”
10Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, #Egz 3:11 mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”
11SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa #Sòm 94:9 kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a? 12Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou #Mat 10:19,20 enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”
13Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.”
14Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, #Egz 4:27 l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.
15“Ou gen pou pale avèk li, e #Egz 4:12,30 mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè. 16“Anplis de sa, #Egz 7:1,2 li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li. 17Ou va pran nan men ou baton sila a; #Egz 9:20 avèk li ou va fè sign yo.”
18Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, #Egz 2:21 bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.”
Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”
19Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske #Egz 2:15,23 tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”
20Moïse te pran madanm li avèk #Egz 18:3,4 fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l. 21SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout #Egz 3:20 mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale. 22Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: #És 63:16 Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an. 23Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, #Egz 11:5 Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”
24Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te #Nonb 22:22 chache touye li. 25Konsa, Séphora te pran yon #Jen 17:14 kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.” 26Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”
27 # Egz 4:14 Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li. 28#Egz 4:15Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak #Egz 4:8tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.
29Alò, Moïse avèk Aaron te ale e #Egz 3:16 te reyini tout ansyen nan fis Israël yo. 30Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout #Egz 4:1-9 sign yo devan zye a pèp la. 31Alò #Egz 3:18 pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte