Egzòd 27

27
1“Ou va fè #Egz 38:1-7 lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude. 2Ou va fè #Sòm 118:27 kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz.
3“Ou va fè bokit li yo pou retire sann, avèk pèl li yo, basen li yo, fouch li yo, ak po dife. Ou va fè tout bagay itil sa yo avèk bwonz. 4Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo. 5Ou va mete li anba, arebò lotèl la, pou griyaj trese a vin monte a mwatye wotè nan lotèl la.
6“Ou va fè poto yo pou lotèl la, poto an bwa akasya yo, e kouvri yo avèk bwonz. 7Poto yo va fonse antre nan wondèl yo, pou poto yo kab rive sou de kote lotèl la #Nonb 4:15 lè li pote. 8Ou va fè li vid, avèk planch. Fè l #Trav 7:44 jan sa te montre a ou nan mòn nan, konsa yo va fè li.
9“Ou va fè galeri tabènak la. Nan kote sid la ap gen twal fen blan k ap pandye, byen tòde e san koude nan longè pou yon bò. 10Pilye li yo va kontwole ven, avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk pilye yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan. 11Menm jan pou kote nò a, nan longè va genyen k ap pandye san koude nan longè, e ven pilye pa li yo avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan.
12“Pou lajè galeri a nan kote lwès la va gen bagay k ap pann pou senkant koude, avèk dis pilye pa yo, ak dis baz reseptikal pa yo. 13Lajè galeri a nan kote lès la va senkant koude. 14Sa ki pann nan yon kote pòtay la va kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo. 15Epi pou lòt kote a va gen ki pandye kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo.
16“Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo. 17Tout pilye ki antoure galeri yo va founi avèk bann seraj yo an ajan, avèk kwòk yo an ajan, e baz reseptikal yo nan bronz. 18Longè a galeri a va san koude, lajè a va senkant toupatou, e wotè a, senk koude an twal fen blanc, byen tòde, avèk baz reseptikal yo an bwonz.
19“Tout bagay itil a tabènak yo sèvi nan tout sèvis li, ak tout pikèt li yo va fèt an bwonz.
20“Ou va pase lòd a fis Israël yo pou yo pote bay ou #Egz 35:8,28 lwil byen klè ki fèt avèk oliv byen bat pou limyè a, pou yon lanp kapab briye tout tan. 21Nan #Egz 25:22; Egz 26:31 tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 27: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte