Egzòd 21
21
1Alò, sa yo se #Egz 24:3,4 règleman ke ou va mete devan yo:
2Si ou achte yon #Lev 25:39-43 esklav Ebre, li va sèvi pou sizane, men nan setyèm ane a li va sòti tankou yon moun lib san peye frè. 3Si li antre li sèl li, li va sòti sèl. Si se mari a yon madanm, alò, madanm nan va sòti avè l. 4Si mèt li bay li yon madanm, e li fè fis oswa fi pou li, madanm nan avèk pitit li yo va rete pou mèt li, e li va sòti sèl.
5Men #Det 15:16,17 si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,” 6alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.
7 #
Né 5:5
Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage #Egz 21:2,3tankou yo kòn fè ak esklav mal yo. 8Si li vin degoutan nan zye mèt li ki te anvizaje li pou li menm, alò, li va kite li ransone. Li pa gen otorite pou vann li a yon pèp etranje, akoz sa li fè pa jis. 9Si li ta dezinye l pou marye ak fis li, li va trete li selon koutim pwòp fi li yo. 10Si li ta vin pran pou li menm yon lòt fanm, li pa ka redwi manje li, vètman li, ni dwa #I Kor 7:3,5 konjigal li. 11Si li p ap fè twa bagay sa yo pou li, alò li menm fi a va kite li gratis san peye lajan.
12 #
Lev 24:17 Sila ki frape yon mesye pou li mouri va vrèman mete a lanmò. 13#Nonb 35:10-34 Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale. 14#Det 19:11,12 Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.
15Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
16 #
Det 24:7 Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.
17 #
Lev 20:9 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
18Si de mesye gen yon kont e youn frape lòt la avèk yon wòch, oswa avèk pwen li, e li pa mouri, men l pa ka leve sou kabann li, 19si li ta leve mache deyò, malgre asistans baton li, alò, sila ki te frape li a va rete san pinisyon. Li va peye sèlman pou tan ke li pèdi a, e li va kontinye okipe li jis lè li fin geri nèt.
20Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini. 21Malgre sa, si li leve apre youn oswa de jou, li p ap pini, pwiske sèvitè a se #Lev 25:44-46 pwòp byen li ke li ye.
22Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va #Egz 21:30 peye li selon desizyon jij yo. 23Men si gen plis mal ki fèt, #Lev 24:19 alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi, 24#Lev 24:20 zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye, 25brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.
26Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a. 27Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an.
28Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, #Jen 9:5 bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini. 29Men si yon bèf te deja gen abitid frennen moun e mèt li te avèti deja, men li pa t okipe sa, e li vin touye yon mesye oswa yon fanm, bèf la va lapide, e mèt li anplis va mete a lanmò. 30Si yon aman ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l, 31Si se yon fis oswa si se yon fi ke li frennen, l ap fèt menm jan selon menm règ la. 32Si bèf la frennen yon mal oswa yon femèl esklav, mèt la va bay mèt li #Za 11:12 trant sik lajan, e bèf la va lapide.
33Si yon mesye ouvri yon fòs, oswa fouye yon fòs e li pa kouvri li, yon bèf, oswa yon bourik tonbe ladann, 34mèt fòs la va bay rekonpans. Li va bay lajan a mèt li, e bèt mouri a va vin pou li.
35Si bèf a yon mesye vin donmaje bèf a yon lòt, e li mouri, alò yo va vann bèf vivan an e divize pri li mwatye pou yo chak; epi osi yo va divize bèt mouri an. 36Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li.
Chwazi Kounye ya:
Egzòd 21: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith