Egzòd 15

15
1 # Sòm 106:12 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:
“Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan.
Cheval la avèk moun ki monte l la,
Li te voye yo nan lanmè.
2 # Hab 3:18 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen
epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.
Sa se Bondye pa m,
e mwen va louwe Li;
Bondye a papa m nan,
e mwen va #És 25:1leve Li wo.
3SENYÈ a se yon gèrye;
Se SENYÈ yo rele L. #Egz 3:15
4 # Egz 14:6,7,17,28; Rev 19:11 Cha Farawon yo avèk lame l lan,
Li te voye yo nan lanmè.
Pi bon pami chèf li yo te plonje
mouri nan Lanmè Wouj.
5Fon yo kouvri yo.
# Egz 15:10 Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch.
6Men dwat Ou, SENYÈ,
ranpli ak majeste avèk pwisans.
# Sòm 118:15,16 Men dwat Ou, O SENYÈ,
vin dechire lènmi an nèt.
7Ak tout grandè Ou,
Ou te ranvoye tout sa yo
ki leve kontra Ou.
Ou te voye lakolè ou deyò.
Li te brile yo nèt kon pay.
8Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou
kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil.
Dlo k ap koule a te #Sòm 78:13 vin kanpe tankou yon miray.
Fon yo te vin koule nan kè lanmè a.
9 # Egz 14:5,8,9 Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo.
Mwen va divize richès yo.
Volonte m kont yo va satisfè.
Mwen va rale nepe mwen.
Se men m k ap detwi yo.”
10Ou te soufle avèk van Ou.
Lanmè a te vin kouvri yo.
Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo#Egz 15:5
11Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?
Kilès ki tankou Ou?
Kilès ki tankou ou
nan majeste ak sentete,
etonan nan lwanj,
# Sòm 72:18 k ap fè mèvèy yo?
12 # Egz 15:6 Ou te lonje men dwat Ou;
Lanmè a te vale yo.
13Nan lanmou ak mizerikòd Ou,
Ou te #Sòm 77:20mennen pèp ke Ou te #Egz 15:16ransone.
Nan pwisans Ou an,
Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
14 # Det 2:25 Lòt nasyon pèp yo te tande.
Y ap tranble.
Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
15Epi chèf Édom yo vin sezi.
# Nonb 22:3,4 Gèrye nan Moab yo pran tranble.
# Jos 2:9,11,24 Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.
16Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo.
# Egz 15:5,6 Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch;
jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ,
Jis lè pèp ke Ou te #Sòm 74:2ransone a vin janbe.
17Ou va mennen yo antre,
e plante yo nan #Sòm 2:6gwo mòn eritaj pa Ou a,
plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a,
# Sòm 78:69 lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
18SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
19Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan #Egz 14:22,29 tè sèch nan mitan lanmè a.
20 # Egz 2:4 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21Marie te reponn yo:
# Egz 15:1 “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.
Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
22Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan #Nonb 33:8dezè #Jen 16:7Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. 23Lè yo rive nan #Nonb 33:8 Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. 24Alò, pèp la te #Egz 14:11 plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
25Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.
La menm, Li te #Jos 24:25fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo #Egz 16:4pase a leprèv. 26Li te di: #Det 7:12“Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a #Egz 20:2-7kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
27Alò, yo te rive nan #Nonb 33:9 Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 15: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte