Egzòd 1
1
1Alò sa yo se #Jen 46:8-27non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo: 2Ruben, Siméon, Lévi, Juda, 3Isacar, Zabulon, Benjamin, 4Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. 5Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te #Jen 46:26-27swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.
6 #
Jen 50:26 Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a. 7Men fis Israël yo #Det 26:5 te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.
8Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte.#Trav 7:18,19 9#Sòm 105:24,25 Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. 10Vini, annou #Trav 7:19 aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”
11Konsa, yo te chwazi #Jen 13:15 sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon #I Wa 9:19 vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal. 12Men plis ke yo t ap aflije yo, #Egz 1:7 plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi.
Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo. 13Yo te vin #Jen 15:13 fòse fis Israël yo travay di. 14Yo te fè #Egz 2:23vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.
15Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”
17Men fanm saj yo te #Egz 1:21pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
18Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
19Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
20Alò #Pwov 11:18 Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te #I Sam 2:35 bay yo gran fanmi yo. 22Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “#Trav 7:19 Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”
Chwazi Kounye ya:
Egzòd 1: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith