Esther 6
6
1Pandan nwit lan, wa a #Det 6:16pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a. 2Li te twouve ekri ladann sa ke #Est 2:21-22Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la. 3Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?”
Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.”
4Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè #Est 5:14pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.
5Sèvitè a wa a te di li: “Men gade byen, Haman kanpe nan lakou a.” Epi wa a te di li: “Kite li antre.” 6Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nan#Est 6:7-11ke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?” 7Epi Haman te di a wa a: “Pou nonm ke wa a vle onore a, 8kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk #I Wa 1:33cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete. 9Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la #Jen 41:43e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”
10Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”
11Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”
12Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, #II Sam 15:30 ak tèt li kouvri. 13Haman te rakonte a #Est 5:10Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.” 14Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te #Est 5:8mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a.
Chwazi Kounye ya:
Esther 6: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith