Efezyen Yo 6
6
1 #
Pwov 6:20
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2#Egz 20:12Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men #Kol 3:21; Jen 18:19elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
5 #
Kol 3:22
Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6pa sèlman devan zye, kòmsi #Gal 1:10pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7Avèk bòn volonte, rann sèvis #Kol 3:23tankou a Senyè a, e pa a lòm 8nan konesans ke #Mat 16:27nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
9Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke #Job 31:13ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
10Anfen #I Kor 16:13se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan #Ef 1:19fòs a pouvwa Li. 11#Wo 13:12Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12Paske lit nou an pa kont #Mat 16:17lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab #Jc 4:7reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin #És 11:5kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la #És 59:17pwotèj ladwati a. 15Konsa, #És 52:7abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16e anplis de tout bagay, pran #I Tes 5:8boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17Epi pran #És 59:17kas Sali a ak #Eb 4:12nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18Avèk tout #Fil 4:6lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19#Kol 4:3Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20pou sila ke mwen se yon #II Kor 5:20anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
21 #
Ef 6:21,22; Kol 4:7-9 Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay. 22Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab #Kol 2:2rekonfòte kè nou.
23Lapè avèk frè nou yo, e #Gal 5:6lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri. 24Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.
Chwazi Kounye ya:
Efezyen Yo 6: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith