Eklezyas 7

7
1Yon #Pwov 22:1bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a. 2Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke #Ekl 2:14-16chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè. 3Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè la vin pi bon. 4Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi. 5Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo. 6Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa #Ekl 2:2lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite. 7Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e #Egz 23:8 lajan anba tab fè kè vin konwonpi. 8Lè yon bagay #Ekl 7:1fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a.
Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a. 9Pa #Pwov 14:7chofè kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse. 10Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.
11Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon #Pwov 8:10-11avantaj pou sila ki konn wè solèy yo. 12Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke #Pwov 3:18sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
13Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki #Ekl 1:15ka drese sa ke Li menm te koube? 14Nan jou bonè yo fè kè kontan; men #Det 8:5nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.
15Mwen te wè tout bagay pandan #Ekl 6:12tout jou vanite mwen yo; gen yon nonm dwat ki mouri nan ladwati, ak yon nonm mechan ki fè vi li long ak mechanste li a. 16Pa fè eksè nan ladwati, #Wo 12:3ni pa vin twò saj. Poukisa ou ta detwi pwòp tèt ou? 17Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle #Job 22:16mouri avan lè ou? 18Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki #Ekl 3:14gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de. 19#Ekl 7:12Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil. 20Anverite, #I Wa 8:46nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche. 21Anplis, pa pran a kè tout pawòl ki pale, sof ke ou ta tande sèvitè ou lè l ap #Pwov 30:10bay ou madichon. 22Paske ou vin konprann ke ou menm tou anpil fwa konn bay moun madichon. 23Mwen te tante fè tout sa ak sajès e mwen te di: “Mwen va saj”, men sa te chape lwen mwen. 24Sa ki te konn egziste vin lwen, e se yon #Wo 11:33mistè menm. Se kilès ki ka dekouvri li? 25Mwen te #Ekl 1:15-17dirije panse m pou konnen; pou fè ankèt e chache sajès avèk rezon, e pou konnen mechanste se foli; e foli menm rive fè moun fou.
26Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men #Pwov 22:14 pechè a va vin kaptire anba l.
27“Gade byen, se sa mwen dekouvri,” predikatè a di: “Ajoute yon bagay a yon lòt pou twouve konprann.” 28Sou sila m toujou ap chache a, men m poko jwenn; mwen te twouve yon nonm pami mil, men mwen pa t jwenn #I Wa 11:3fanm pami tout sa yo. 29Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.

Chwazi Kounye ya:

Eklezyas 7: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte