Eklezyas 10
10
1Mouch mouri bay
#
Egz 30:25
lwil pafen yon move odè;
Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa
pou depase sajès ak respè.
2Kè a yon moun saj mennen li adwat,
men #Mat 6:33kè a moun san konprann nan
mennen l agoch.
3Menm lè ensanse a mache nan lari
li manke bon tèt.
Li #Pwov 13:16montre tout moun ke
se moun fou li ye.
4Si kòlè a wa a vin monte kont ou,
pa abandone pozisyon ou;
paske rete kalm ka evite gwo ofans.
5Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 6#Est 3:1-5Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. 7Mwen konn wè esklav ki #Est 6:8-10monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 8#Sòm 7:15Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. 9Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. 10Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
11Si sèpan an mòde #Sòm 58:4-5avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12#Pwov 10:32Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen #Ekl 7:25mechanste ak betiz. 14Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.
Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li #Ekl 3:22sa ki va rive apre li. 15Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
16Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;
ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
17Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a
ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,
e non pou fè #Pwov 31:4banbòch vin sou.
18Akoz #Pwov 24:30-34parès ak neglijans, twati a vin pann,
e nan enpridans kay la vin koule.
19Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo,
#
Jij 9:13
diven pou fè kè kontan;
epi lajan se repons pou tout bagay.
20Anplis, nan chanm a kouche ou, pa #Egz 22:28bay wa a madichon;
e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.
Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,
e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.
Chwazi Kounye ya:
Eklezyas 10: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith